FRE GABE RESI RETIRE LUNET NWA A

FR GABE TE RESI RETIRE linèt la Mèkredi 13 Oktòb sa. LI DI

Mèsi dabò a JESUS CHRIST

A madanm mwen, a paranm a antouraj mwen e a Pastè mwen.

Gen anpil pawol ki te konn blesan, antre nan santimanm si selman nou te konnen!

Mèsi a chak moun ki te konn edem priye🙏🏿 SAK ENPOSIB POU LÒM FASIL POU BONDYE

 

Gen anpil nan nou kap mouri, san nou pat janm viv vi nou Jesus te kite pou nou an! Jis paske nou te vle fè lot moun plezi!

Sak ap sot nan bouch yo, pa defini saw ye

De la poussiere Jesus retire le pauvre, ki donk chak fwa yo rabesew yo raprochew de Dieu plis

Mpa gen anyen poum pèdi ankò mgentan gen Jesus Christ kòm Sovèm

Depi 2015 jodia e premye fwa mal legliz san Linèt nwa!

LINET LA TONBE – Fre Gabe montre zyel (Documentaire)

Pa Kite PASEW, LIMITEW! Sèlman voye jew gade wap wè grandè JESUS
Lèw gen problem lot moun pat janm te konn genyen, BonDye ap bow on TEMWANYAJ ou pat ko janm tande!
Kouraj a chak moun kap viv a on defisyans, kit fizik, kit mantal!
Mkonnen anpil nan nou ap soufri an silans, lavi trò kout pouw ap kite sa lot moun ap panse de ou, fow defini koman pouw viv.
JODIAM MSANTIM PI KONPLÈ AU NOM DE JESUS CHRIST ❤ MSantim lejè paskem ap viv vi pam kounya ❤ mèsi pou tout mesaj, tout comment. Mrenmen nou mwens ke Jan Jesus renmen nou an.

Leave a Reply