MAESTRO ED

2 Corinthiens 12:10 “Car,lorsque je suis faible , c’est alors que je suis fort !

Si se pa t lanmou BonDye ak pwisans Sentespri li Sa te ka mete dlo nan je anpil pwòch ki renmen nou tout bon vre men Seyè nou an te prezan sware Lendi 20 Septanb 2021 sa a 10:00 pm mwen te pèdi tout fòs fizikman men Lafwa mwen te inebranlab sovè m nan papa m nan te nan dosye a,Ambulance te vini pran nou an demen mardi 21 Docteur te di Fok operasyon fèt rapid sinon map kouri gwo risk. 1er octobre kap rantre la se va anivèsèm se va moman action de grâce mwen ,mwen pa konnen kòman sa tap ye men chef lavi a pa t siyen pou lanmò , menm si lanmò te vini avèk JEZI Pagen lanmò .

Operasyon sanzatann te rive fèt pa t gen konplikasyon BonDye te la li toujou la . Jodia map viv San yon “organe” men nou pap viv San “BonDye” se Sa Ki tout asurans kè mwen . Toujou kenbe frè w nan priyè w , ke ou te renmen m ke ou pa t renmen m , mwen renmen w nan JEZI priye pou mwen kanmenm .

Tout bagay byen Jodia nou lakay nou ak Fanmi nou , Mèsi ak tout moun ki te okuran ki pa t suspann tcheke sou nou , juskaprezan sa touche yo , Mèsi pap sufi pou priyè yo ki te monte jwenn BonDye ak benediksyon yo ki te tonbe nan lavi m .

Santé mwen stable à présent ,

TOUT GLWA POU JEWOVA

Leave a Reply