Liliane Oscar – New Music Video

Liliane Oscar – Louwanj  Original Music Nicky Christ

Mwen rele Liliane Oscar, mwen fèt 19 Novanm Mwen poko marye,ni mpoko gen pitit. Mwen leve nan yon fanmi kretyèn, mwen se kretyèn e map chante legliz depi lèm gen 10 zan,jiska prezan. Mwen t nan premye koral timoun(kem pa sonje non an) ki tap dirije pa sè Judith Férus se la yo pral dekouvri talan sa lakay mwen. Mwen pa janm lache jiskaskem vinn entegre youn nan pi ansyen gwoup nan sektè evanjelik la « Mystère Divin » kote kem pase 3 zan. Aprè mwen entegre staff Aquela Dorvil, Frederson Joseph kom koris e se a pati de la mvrèman komanse ap entegrem plis nan sektè a, mwen soti premye mizik mwen ke David Lindor ki t maestwo gwoup Adonaï nan epòk sa t ekri pou mwen,swivi de yon mizik zouk « lanmou Bondye » ke Rodyume Dieujuste t ekri , aprè sa vwam sou plizyè mizik koni tankou « jezi se dlo ki bay lavi a » de Finette Pierre, plizyè album tankou « je glorifie Dieu avec mon talent » yon pwojè James Alcindor, vwam sou album Bensax, Aquela Dorvil ,Betenson Constant sou album sa non selman mwen fè 99% koral yo akonpaye ak lòt moun em gen yon mizik mwen chante ak Peterson Jules ki titre « ou se tout mwen » anfen sim ta pran site mpap kapab finn sonje tout men mwen jus eseye rezume lavim nan sektè evanjelik la. Mwen vrèman patisipe nan anpil pwojè swa kòm chantèz oubyen kolaboratris tankou « We project » ke Myrdith Melus t fè ak lòt ankò.

Liliane Oscar, se yon Artist kap fonksyone en Haiti, Li gin ampil music ki deyor nan secteur evangelik la, li fet lage video sa, Al tyeke li, et pa bliye bay opinion nou sou mizik la, tres biento nap gin plis detay de Artist Liliane Oscar sou Platfom nan.

Leave a Reply